Rev Ou Yo Ka Sove Lavi Ou
Byen ke nou ka we natirelman a trave ko nou ak sibkonsyan nou tout danje ki genyen nan anviwonman nou, nou pa konn itilize sa nou we yo anko pou nou ka asire sekirite pesonel nou. Bet yo, yo menm, yo konn kijan pou yo fe sa toujou, e se sa ki pemet yo konnen pou yo kouri deplase anvan yon katastwof natirel komanse. Poutan, si nou aprann sevi ak rev sa yo, et imen ka depase bet yo nan domen sa. Rezilta ki gen plis de 20 ane rechech, liv sa eksplike yon metod ouve ak tout moun ki pemet nou rekonstwi pon ant ko, konsyan, ak sibkonsyan nou pou nou ka jwenn plis enfomasyon sou danje ki genyen nan anviwonman nou. Kou dyalog la reprann plas nan sibkonsyan nou e nan ko nou, et imen trouve li nan ka sa byen siperye pase bet yo e pase tout teknoloji ki egziste pou few santi tout kalite danje, ke se swa natirel, ke se lezom ki koz li ou byen teknoloji. Nan itilize teknik ke yo eksplike nan liv sa, ou pral aprann koman pou ou rejwenn enfomasyon ki enpotan pou sekirite ou ak pwoch ou yo ki a dispozisyon ou le ou ap reve. Konsa, ou ap tou kapab pa egzanp: - evite yon lanmo pa aksidan nan sove tet ou anvan yon katastwof natirel deklanche: tranbleman te, volkan, glisman teren, inondasyon, tanpet, sinami, avalanch, tonad, eks.; - fe echwe agrese, teworis, vole, vyole, kadejake ou byen kanbryole yo nan pwoje yo; - konnen, anvan ou ale nan vwayaj, pa egzanp nan avyon ou nan bato, si ou ap rive sen e sof kote ou prale a ou byen si li t'ap preferab ke ou renonse a vwayaj lan a koz yon atenta, yon nofraj, yon aksidan ou yon dezas natirel...; - santi plen lot pyej ak danje epi evite yo. - ou ap kapab tou, pou moun ki pi entelijan nan mitan ou yo, devlope yon pi gwo sansibilite ak yon pi gwo entuisyon direkteman pandan je ou kle, sa ki ka pemet ou reaji pi efikasman kont danje anviwonman ou yo. - ou va aprann tou pou ou pa bay tet ou pwoblem initilman le ou va fe senp ti move rev paske ou va aprann koman pou detekte sa ki lakay ou ki pwovoke yo epi konsa ou va konnen fe diferans lan avek vre rev ki se alet katastwof natirel, atenta, kanbryolaj, aksidan santral nikleye, eks.
118 pages
English edition · First published 2013 by Buenos Books America, LLC · ISBN 9781932848939
Readers also shelved
Be the first to rate this book
Keep track of what you read
Book Nook is a free reading tracker with a 3D bookshelf, a reading timer, challenges with friends and a Reading Wrapped at the end of the year. Add Rev Ou Yo Ka Sove Lavi Ou to your shelf in one tap.
The Woman on the LedgeRuth Mancini